Èd pou Etid
Jid


Jid

Nan Nouvo Testaman an, youn nan frè Jezi yo epi pwobableman ki se otè lèt Jid la (Mat. 13:55; Jid 1:1).

Epit Jid la

Liv sa a gen yon lèt Jid te voye bay kèk Sen ki te febli nan lafwa yo. Yo te febli akoz moun pami yo ki te pran pòz yo te Kretyen men ki t ap pratike adorasyon imoral payen epi ki te pran pretèks yo pat oblije obeyi lalwa moral. Jid te vle reveye Sen yo pou yo te kapab wè danje espirityèl yo epi pou l te ankouraje yo rete fidèl.

Kèk pasaj prensipal nan Jid se vèsè 6, ki rakonte lagè nan syèl la ak lè yo te chase lisifè avèk zanj li yo soti nan kondisyon premòtèl la (Abr. 3:26–28), epi vèsè 14–15, ki site pwofesi Enòk te fè a.