Èd pou Etid
Prètriz Aawon an


Prètriz Aawon an

Prètriz ki pi piti a (Ebre 7:11–12; D&A 107:13–14). Ofis li yo se evèk, prèt, enstriktè, ak dyak (D&A 84:30; 107:10, 14–15, 87–88). Nan tan lontan an, sou lwa Moyiz la, te gen gran prèt, prèt, ak Levit. Paske ansyen Izrayelit yo te rebele kont Bondye, yo te retire Moyiz ak prètriz sen an nan men yo epi prètriz ki pi piti a te kontinye. Yo te refize sanntifye yo pou yo resevwa Prètriz Mèlkisedèk la ak òdonans li yo. (Gade D&A 84:23–26.) Prètriz Aawon an responsab òdonans tanporèl ak eksteryè lalwa a ak levanjil la (1 Kwo. 23:27–32; D&A 84:26–27; 107:20). Li gen kle pou ministè zanj yo, pou levanjil repantans lan ak batèm nan (D&A 13). Prètriz Aawon an te retabli sou tè a nan dispansasyon sa a nan 15 Me 1829. Janbatis te konfere l sou Joseph Smith ak Oliver Cowdery tou pre Harmony, Pennsylvania (D&A 13; I—JS 1:68–73).