Èd pou Etid
Leyi, papa Nefi


Leyi, papa Nefi

Nan Liv Mòmon an, yon pwofèt Ebre ki te dirije fanmi l ak disip li yo pou yo te kite Jerizalèm ale nan tè pwomiz ki nan emisfè lwès la anviwon 600 anvan Jezikri. Leyi te premye pwofèt pami pèp li a nan Liv Mòmon an.

Leyi te sove kite Jerizalèm avèk fanmi l sou kòmandman Senyè a (1 Ne. 2:1–4). Li te yon desandan Jozèf yo te vann nan Ejip la (1 Ne. 5:14). Senyè a te ba l yon vizyon pyebwa lavi a (1 Ne. 8:2–35). Leyi ak pitit gason li yo te bati yon bato epi yo te pati pou yo ale nan emisfè lwès la (1 Ne. 17–18). Limenm ak desandan li yo te vin tabli nan nouvo peyi ya (1 Ne. 18:23–25). Anvan l te mouri, Leyi te beni pitit gason li yo epi li te anseye yo konsènan Kris ak aparisyon Liv Mòmon an nan dènye jou yo (2 Ne. 1:1–4:12).

Liv Leyi a

Joseph Smith te kòmanse avèk liv Leyi a lè l t ap tradui Liv Mòmon an. Se te yon rejis Mòmon te rezime nan plak Leyi yo. Lè l te fin gen 116 paj maniskri li te tradui nan liv la, Joseph te bay Martin Harris, ki te sèvi pandan yon ti bout tan kòm sekretè l, maniskri a. Paj yo te pèdi. Joseph pa t tradui liv Leyi a pou l ranplase maniskri ki te pèdi a, men okontrè li te tradui lòt istwa ki gen rapò avèk li ki soti sou plak lò yo (gade nan entwodiksyon D&A 3; 10). Lòt istwa sa yo se sis premye liv ki nan Liv Mòmon an kounyeya.