Èd pou Etid
Emanyèl


Emanyèl

Youn nan non Jezikri yo. Li soti nan mo Ebre ki vle di “Bondye avèk nou.”

Emanyèl se non-tit ki bay kòm siy delivrans Bondye (Eza. 7:14). Referans Ezayi konsènan Emanyèl idantifye espesyalman nan Matye kòm yon pwofesi sou nesans Jezi nan mòtalite (Mat. 1:18–25). Non sa a parèt tou nan ekriti dènye jou yo (2 Ne. 17:14; 18:8; D&A 128:22)