Èd pou Etid
Senbòl


Senbòl

Lè moun itilize yon bagay kòm resanblans oubyen imaj yon lòt bagay. Senbòl nan ekriti yo itilize yon objè, yon evènman oubyen yon sikonstans familye pou reprezante yon prensip oubyen yon ansèyman nan levanjil la. Paregzanp, Pwofèt Alma ki nan Liv Mòmon an itilize yon semans pou l reprezante pawòl Bondye (Alma 32).

Nan tout ekriti yo, gen pwofèt ki itilize senbòl pou yo anseye konsènan Jezikri. Kèk nan senbòl sa yo anbrase seremoni ak òdonans (Moyiz 6:63), sakrifis (Ebre 9:11–15; Moyiz 5:7–8), sentsèn nan (TJS, Mak 14:20–24 [Apendis]; Lik 22:13–20), ak batèm (Wom. 6:1–6; D&A 128:12–13). Anpil non nan Bib la senbolik. Seremoni tabènak nan Ansyen Testaman an ak lwa Moyiz la te reprezante verite etènèl (Ebre 8–10; Mozya 13:29–32; Alma 25:15; Ela. 8:14–15). Pou lòt egzanp, gade nan Matye 5:13–16; Jan 3:14–15; Jakòb 4:5; Alma 37:38–45.