Èd pou Etid
Adan


Adan

Premye moun ki te kreye sou tè a.

Adan se papa ak patriyach tout ras moun ki sou tè a. Transgresyon l nan Jaden Edenn nan (Jen. 3; D&A 29:40–42; Moyiz 4) te lakoz chit li epi l vin mòtèl, yon etap nesesè pou lèzòm kapab pwogrese sou tè a (2 Ne. 2:14–29; Alma 12:21–26). Se poutèt sa nou dwe onore Adan ak Èv pou wòl yo nan rann pwogresyon etènèl nou posib. Adan se Moun Ansyen tan an epi tou li rele Michèl (Dan. 7; D&A 27:11; 107:53–54; 116; 138:38). Li se Akanj lan (D&A 107:54) epi l ap vini sou tè a ankò kòm patriyach fanmi imèn nan (D&A 116).