Èd pou Etid
Neemi


Neemi

Nan Ansyen Testaman an, yon Izrayelit nòb nan Babilòn (oubyen yon Levit oubyen yon manm nan tribi Jida a) ki te sèvi kòm sèvitè nan lakou Atagzèzès la, nan men moun li te resevwa pèmisyon pou l rebati miray Jerizalèm yo.

Liv Neemi an

Liv sa a se kontinyasyon liv Esdras la. Li gen istwa pwogrè ak difikilte travay la nan Jerizalèm apre Juif yo te retounen soti nan kaptivite Babilòn. Chapit 1–7 pale konsènan premye vizit Neemi te fè nan Jerizalèm ak rekonstriksyon miray vil la malgre anpil opozisyon. Chapit 8–10 dekri refòm sosyal ak relijye Neemi te eseye fè. Chapit 11–13 bay yon lis non moun ki te diy epi li bay istwa dedikas miray la. Vèsè 4–31 nan chapit 13 anrejistre yon dezyèm vizit Neemi te fè nan Jerizalèm apre l te deyò pou 12 ane.