Èd pou Etid
Pwòp ak malpwòp


Pwòp ak malpwòp

Nan Ansyen Testaman an, Senyè a te fè Moyiz ak ansyen Izrayelit yo konnen sèlman kèk kalite manje te pwòp oubyen bon pou manje. Distenksyon Izrayelit yo te fè ant manje pa pwòp la te gen yon gran efè sou lavi relijye ak lavi sosyal yo. Kèk bèt kòm zwazo ak pwason te konsidere kòm pwòp, bon pou manje, tandiske kèk lòt te konsidere kòm pa pwòp, epi yo te defandi (Lev. 11; Det. 14:3–20). Kèk moun malad tou te konsidere kòm pa pwòp.

Nan yon sans espirityèl, pwòpte vle di debarase anba peche ak anvi peche. Nan sans sa a mo a itilize pou dekri yon moun ki gen vèti ak kè pi (Sòm 24:4). Pèp alyans Bondye te toujou gen enstriksyon espesyal pou yo pwòpte (3 Ne. 20:41; D&A 38:42; 133:5).