Èd pou Etid
Jozèf, mari Mari a


Jozèf, mari Mari a

Msyemarye Mari, manman Jezi. Jozèf te yon desandan David (Mat. 1:1–16; Lik 3:23–38) epi li te abite nan Nazarèt. Li te fiyanse avèk Mari. Yon ti tan anvan maryaj la, Mari te resevwa vizit zanj Gabriyèl, ki anonse Mari te chwazi pou l te kapab vin manman Sovè a (Lik 1:26–35). Jozèf tou te resevwa revelasyon konsènan nesans diven sa a (Mat. 1:20–25).

Mari se te sèl paran terès Jezi paske se Papa Bondye ki te papa Jezi. Men Juif yo te panse Jozèf te papa Jezi, epi Jezi te trete L konsa (Lik 2:48, 51). Jozèf te resevwa avètisman nan rèv selès pou l te sove ale an Ejip avèk Jezi, bebe a, pou l te kapab sove lavi l (Mat. 2:13–14). Lè Ewòd te fin mouri, yon zanj te di Jozèf pou l te retounen nan Izrayèl avèk timoun ki te Kris la (Mat. 2:19–23).