Èd pou Etid
Manase


Manase

Nan Ansyen Testaman an, pi gran pitit gason Asena avèk Jozèf yo te vann nan Ejip la (Jen. 41:50–51). Limenm ak frè li a, Efrayim, yo te pitit gason Jakòb (Izrayèl) men li te adopte yo epi li te beni yo kòmsi te yo pwòp pitit gason pa l (Jen. 48:1–20).

Tribi Manase a

Desandan Manase yo te konte pami tribi Izrayèl yo (Nonb 1:34–35; Joz. 13:29–31). Benediksyon Moyiz te bay tribi Jozèf la, Efrayim ak Manase a, te anrejistre nan Detewonòm 33:13–17. Yon pati nan tè yo te eritye a te nan lwès Jouden an epi akote pa Efrayim nan. Yo te gen koloni tou nan lès Jouden an, nan tè patiraj rich Bazan ak Galaad la. Nan dènye jou yo, tribi Manase a pral ede tribi Efrayim nan rasanble Izrayèl dispèse a (Det. 33:13–17). Pwofèt Liv Mòmon an ki te rele Leyi a te yon desandan Manase (Alma 10:3).