Èd pou Etid
Abraram


Abraram

Yon pitit gason Terak, ki te fèt nan vil Our nan peyi Kalde (Jen. 11:26, 31; 17:5). Yon pwofèt Senyè a, Senyè a te fè alyans etènèl avèk li, nan alyans sa yo tout nasyon sou tè a beni. Anvan, non Abraram se te Abram.

Liv Abraram nan

Ansyen rejis Abraram te ekri yo, ki te vin nan men Legliz la nan 1835. Antonio Lebolo te dekouvri rejis yo avèk kèk momi nan simityè souteren Ejipsyen yo, epi li fè Michael Chandler eritye yo. Chandler etale yo nan Etazini nan 1835. Kèk zanmi Joseph Smith te achte yo pote bay pwofèt la, epi li twadui yo. Gen kèk nan rejis sa yo nan Pèl Gran Pri a.

Chapit 1 an rakonte eksperyans Abraram nan Our kalde a, kote prèt mechan yo t ap chèche sakrifye l la. Chapit 2 a pale konsènan vwayaj li nan Kanaran. Senyè a parèt devan l epi li fè alyans avèk li. Chapit 3 a rakonte Abraram te wè linivè a epi li konprann relasyon ki Egziste pami planèt yo. Chapit 4–5 yo se yon lòt istwa konsènan kreyasyon an.

Desandan Abraram yo

Moun ki obeyi lalwa ak òdonans levanjil Jezikri a, yo resevwa pwomès ak alyans Bondye te fè avèk Abraram yo. Gason ak fi kapab resevwa benediksyon sa yo si yo soti literalman nan liyaj Abraram oubyen si yo adopte nan fanmi l poutèt yo anbrase levanjil la epi yo batize (Gal. 3:26–29; 4:1–7; D&A 84:33–34; 103:17; 132:30–32; Abr. 2:9–11). Desandan literal Abraram yo kapab pèdi benediksyon yo poutèt dezobeyisans (Wom. 4:13; 9:6–8).