Èd pou Etid
Mozya, pitit gason yo


Mozya, pitit gason yo

Nan Liv Mòmon an, kat pitit gason Wa Mozya ki te konvèti apre yon zanj te fin parèt devan yo pou mande yo pou yo repanti. Yo te rele Amon, Aawon, Omnè, epi Imni (Mozya 27:34). Yo te pase 14 ane youn apre lòt ap preche Lamanit yo levanjil la. Chapit 17–26 nan liv Alma a bay istwa ministè yo pami Lamanit yo.