Èd pou Etid
Elaman, pitit gason Elaman


Elaman, pitit gason Elaman

Yon pwofèt epi yon moun ki te kenbe rejis nan Liv Mòmon an, ki te anseye pèp Nefit la. Se te pitit pitit gason Alma, pi jèn nan, epi se te papa Nefi ki te resevwa pouvwa sou tout eleman yo. Ansanm avèk pitit gason l lan, Nefi, Elaman te ekri liv Elaman an.

Liv Elaman an

Chapit 1–2 dekri yon epòk ki te gen gwo pwoblèm politik. Chapit 3–4 rakonte Elaman ak Mowoniya, kaptèn an chef lame Nefit yo, te finalman vin kapab tabli lapè pou yon tan. Men, malgre direksyon bon moun sa yo, pèp la te grandi anpil nan mechanste. Nan Elaman 5:1–6:14 Nefi te remèt fotèy jijman an, menm jan gran papa l, Alma te fè a, pou l ale anseye pèp la. Pèp la te repanti pou yon ti tan. Nan Elaman 6:15–12:26 sepandan, Nefit yo te vin tounen yon nasyon mechan. Dènye chapit yo, 13–16, gen istwa ekstraòdinè yon pwofèt yo te rele Samyèl, Lamanit la, ki te predi nesans ak Krisifiksyon Sovè a avèk siy ki ta pral make evènman sa yo.