Èd pou Etid
Farizyen yo


Farizyen yo

Nan Nouvo Testaman an, yon gwoup relijye pami Juif yo. Non gwoup sa a sigjere yon bagay ki separe oubyen ki apa. Farizyen yo te konn chante kantamwa kòm kidire se yo menm sèl ki te konn aplike lwa Moyiz la ekstrikteman epi yo te evite tout bagay ki asosye avèk Janti yo. Yo te kwè nan lavi apre lanmò, nan Rezirèksyon an, epi nan egzistans zanj yo ak lespri yo. Yo te kwè lwa oral la ak tradisyon an te gen menm enpòtans avèk lwa ekri a. Ansèyman yo te redui relijyon nan aplikasyon règ epi yo te ankouraje lògèy espirityèl. Yo te lakoz anpil Juif gen doute sou Kris la ak levanjil Li a. Senyè a te denonse Farizyen yo ak zèv yo nan Matye 23; Mak 7:1–23; epi Lik 11:37–44.