Èd pou Etid
Nonb


Nonb

Katriyèm liv nan Ansyen Testaman an. Moyiz te ekri liv Nonb la. Liv Nonb la rakonte istwa vwayaj Izrayèl depi sou Mòn Sinayi a jis nan laplèn Moab la bò fwontyè Kanaran an. youn nan leson enpòtan li anseye sèke pèp Bondye a dwe mache avèk lafwa, yo dwe kwè nan pwomès Li yo, si yo vle kontinye gen siksè. Li rakonte pinisyon Bondye te bay Izrayèl pou dezobeyisans epi li pwokire enfòmasyon konsènan lwa Izrayelit yo. Non liv la soti nan kalkil resansman (Nonb 1–2; 26).

Chapit 1–10 rakonte preparasyon izrayelit yo pou yo kite Sinayi. Chapit 11–14 dekri mach la menm, lè yo te voye espyon nan Kanaran, epi lè Izrayèl te refize antre nan tè pwomès la. Chapit 15–19 note plizyè lwa ak evènman istorik. Chapit 20–36 se istwa dènye ane pèp la nan dezè a.