Èd pou Etid
Jenèz


Jenèz

Liv Jenèz la se premye liv nan Ansyen Testaman an epi se pwofèt Moyiz ki te ekri l. Li bay istwa anpil kòmansman, tankou kreyasyon tè a, plasman bèt yo ak lòm sou tè a, Chit Adan ak Èv la, lè Adan te resevwa revelasyon levanjil la, kòmansman tribi yo ak ras yo, orijin yon pakèt lang nan Babèl, ak kòmansman fanmi Abraram nan ki te mennen nan tablisman kay Izrayèl la. Nan Jenèz, yo ensiste sou wòl Jozèf kòm pwotektè Izrayèl.

Revelasyon dènye jou a revele epi yo klarifye rejis Jenèz la (1 Ne. 5; Etè 1; Moyiz 1–8; Abr. 1–5).

Nan liv Jenèz la, chapit 1–4 rakonte kreyasyon mond lan ak devlopman fanmi Adan an. Chapit 5–10 rakonte istwa Noye. Chapit 11–20 pale de Abraram ak fanmi l jis nan tan Izarak la. Chapit 21–35 suiv fanmi Izarak la. Chapit 36 pale de Ezayu ak fanmi l. Chapit 37–50 pale de fanmi Jakòb epi li bay istwa Jozèf ke yo te vann nan peyi Ejip ak wòl li nan sove kay Izrayèl la.