Èd pou Etid
Asa


Asa

Nan Ansyen Testaman an, twazyèm wa Jida a. Ekriti yo raple nou “kè li te pafè avèk Senyè a pandan tout lavi l” (1 Wa 15:14). Pandan gouvènman l lan li te fè lame a vin efikas li te ranvèse okipasyon Etyopyen yo, wete fo idòl yo, epi li te envite pèp la fè yon alyans avèk Jewova (1 Wa 15–16; 2 Kwo. 14–16). Sepandan, lè l te vin malad nan pye l la, li pa t chèche èd Senyè a e li te mouri (1 Wa 15:23–24; 2 Kwo. 16:12–13).