Èd pou Etid
Efrayim


Efrayim

Nan Ansyen Testaman an, dezyèm pitit gason Jozèf avèk Asena a (Jen. 41:50–52; 46:20). Kontrèman avèk fason tradisyonèl la, Efrayim te resevwa dwa premyene a nan plas Manase, ki te premye pitit gason an (Jen. 48:17–20). Efrayim te vin tounen papa tribi Efrayim nan.

Tribi Efrayim nan

Efrayim te resevwa dwa denès la nan Izrayèl (1 Kwo. 5:1–2; Jer. 31:9). Nan dènye jou yo, privilèj yo ak responsablite yo se pou yo gen prètriz la, pote mesaj levanjil retabli a bay tout mond lan, epi pou yo leve yon pankat pou rasanble Izrayèl (Eza. 11:12–13; 2 Ne. 21:12–13). Pitit Efrayim yo pral kouwone moun ki soti nan peyi nò pou retounen nan dènye jou yo avèk kouwòn glwa (D&A 133:26–34).

Bwa Efrayim oubyen Bwa Jozèf

Istwa yon gwoup nan tribi Efrayim nan ki te resevwa direksyon soti nan Jerizalèm ale nan Amerik nan apeprè 600 anvan Jezikri a. Rejis gwoup sa a rele bwa Efrayim oubyen Jozèf, oubyen Liv Mòmon an. Li menm ak bwa Jida a (Bib la) fòme yon temwayaj reyini Senyè Jezikri a, rezirèksyon L, ak travay diven Li te fè pami de branch pèp Izrayèl sa yo.