Èd pou Etid
Ezekyas


Ezekyas

Yon wa jis pou nasyon Jida a nan Ansyen Testaman an. Li te gouvène pou 29 ane, pandan epòk Ezayi te pwofèt nan Jida a (2 Wa 18–20; 2 Kwo. 29–32; Eza. 36–39). Ezayi te ede l refòme legliz la ak leta a. Li te fè sispann idolatri epi li te retabli sèvis nan tanp lan. Lavi Ezekyas te pwolonje pou 15 ane avèk priyè epi avèk lafwa (2 Wa 20:1–7). Kòmansman gouvènman li a te pwospè, men rebelyon li te fè kont wa Asiri a (2 Wa 18:7) te lakoz de anvayisman Asiryen: yo dekri premye a nan Ezayi 10:24–32, dezyèm nan dekri nan 2 Wa 18:13–19:7. Nan dezyèm envazyon an, yon zanj Senyè a te sove Jerizalèm (2 Wa 19:35).