Èd pou Etid
Parabòl


Parabòl

Yon istwa senp moun itilize pou ilistre epi anseye yon verite oubyen yon prensip espirityèl. Yon parabòl baze sou konparezon yon bagay òdinè oubyen yon evènman avèk yon verite, epi souliye siyifikasyon oubyen mesaj yon parabòl se yon bagay souvan ki kache pou moun pa a prepare espirityèlman pou resevwa l (Mat. 13:10–17).

Jezi te anseye souvan avèk parabòl. Pou yon lis parabòl kle Li yo, gade nan Amoni levanjil yo nan apendis la.