Èd pou Etid
Liv Mòmon


Liv Mòmon

Youn nan kat volim ekriti Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo aksepte. Se yon rezime ansyen pwofèt ki te rele Mòmon an te fè avèk rejis ansyen abitan Amerik yo. Li te ekri pou temwaye Jezi se Kris la. Konsènan rejis sa a, pwofèt Joseph Smith ki te tradui l avèk don epi avèk pouvwa Bondye te di, “M te di frè yo konsa Liv Mòmon an te liv ki pi korèk pase nenpòt lòt liv sou tè a, li se pwen santral relijyon nou an, epi yon moun ki obeyi presèp li yo kapab vin pi pre Bondye pase nenpòt lòt liv” (gade nan entwodiksyon devan Liv Mòmon an).

Liv Mòmon an se istwa relijyon twa gwoup moun ki te soti nan Ansyen mond lan pou vin nan kontinan Ameriken yo. Se Pwofèt ki te ekri istwa relijyon ak istwa pwofane gwoup sa yo sou plak metal, ki te dirije yo. Liv Mòmon an rapòte vizit Jezikri bay pèp nan Amerik yo apre Rezirèksyon Li. Te vin gen yon epòk pè pou desan ane apre vizit Kris la.

Mowoni, dènye pwofèt-istoryen Nefit ki te sele rejis rezime pèp sa yo, te sere yo nan anviwon 421 apre Jezikri. Nan 1823, Mowoni ki te resisite a te vizite Joseph Smith epi pita li te ba li ansyen rejis sakre yo pou yo te kapab prezante devan mond lan kòm yon lòt temwayaj Jezikri.