Èd pou Etid
Lanmè Mòt


Lanmè Mòt

Lanmè sale nan pwent sid Vale Jouden an. Yo te rele l Lanmè Sale a tou. Sifas li apeprè 1300 pye (915 mèt) anba Lanmè Mèditerane a. Vil Sodòm, Gomò ak Zoa oubyen Bela yo te pre rivaj li yo (Jen. 14:2–3).

Kòm akonplisman pwofesi epi kòm youn nan siy Dezyèm Vini Sovè a, dlo Lanmè Mòt yo ap geri epi ap gen lavi ladan yo (Ezek. 47:8–9).