Èd pou Etid
Limyè, limyè Kris


Limyè, limyè Kris

Enèji diven, pouvwa, oubyen enfliyans ki soti nan Bondye vin nan Kris la epi ki bay tout bagay limyè ak lavi. Se lwa ki gouvène tout bagay nan syèl la epi sou tè a (D&A 88:6–13). Li ede moun tou pou yo konprann verite levanjil yo epi li ede pou tabli yo nan santye ki mennen nan sali (Jan 3:19–21; Jan 12:46; Alma 26:15; Alma 32:35; D&A 93:28–29, 31–32, 40, 42).

Moun pa dwe konfonn limyè Kris la avèk Sentespri a. Limyè Kris la pa yon pèsonaj. Li gen yon enfliyans ki soti nan Bondye epi ki prepare yon moun pou resevwa Sentespri a. Se yon enfliyans pou byen nan lavi tout moun (Jan 1:9; D&A 84:46–47).

Yon manifestasyon limyè Kris la se konsyans, ki ede yon moun chwazi ant byen ak mal (Mowo. 7:16). Lè moun ap aprann plis konsènan levanjil la, konsyans yo vin pi sansib (Mowo. 7:12–19). Moun ki suiv limyè Kris la, yo resevwa direksyon pou yo ale nan levanjil Jezikri a (D&A 84:46–48).