Èd pou Etid
Wa yo


Wa yo

De liv nan Ansyen Testaman an. Liv sa yo rakonte istwa Izrayèl kont rebelyon Adonija, katriyèm pitit gason Wa David la (anviwon 1015 anvan Jezikri), kaptivite final Jida a (anviwon 586 anvan Jezikri). Yo genyen tou de istwa antye konsènan wayòm Nò a (dis tribi Izrayèl yo) depi nan separasyon an jis lè Asiryen yo te vin mennen yo kaptif nan peyi Nò yo. Gade nan Kwonoloji nan apendis la tou.

Premye Wa

Chapit 1 dekri jou final lavi David yo. Chapit 2–11 rakonte lavi Salomon. Chapit 12–16 pale konsènan siksesè imedyat Salomon yo, Robowam ak Jewobowam. Jewobowam te lakoz divizyon nan wayòm Izrayèl la. Yo mansyone kèk lòt wa tou. Chapit 17–21 anrejistre yon pati nan ministè Eli lè li te avèti Ahab, wa Izrayèl la. Chapit 22 anrejistre lagè kont Siri, kote Akab ak Jozafa, wa Jida a te mete tèt yo ansanm. Pwofèt Miche te pwofetize kont wa yo.

Dezyèm Wa

Chapit 1:1–2:11 kontinye avèk lavi Eli, plis lè Eli te monte nan syèl la nan yon charyo dife. Chapit 2–9 rakonte ministè lafwa ak gran pouvwa Elize. Chapit 10 pale konsènan Jei, wa a, epi kòman li te detwi kay Akab ak prèt Baal la. Chapit 11–13 rakonte gouvènman jistis Joas ak lanmò Elize. Chapit 14–17 pale konsènan plizyè wa ki te gouvène Izrayèl ak Jida souvan avèk mechanste. Chapit 15 rakonte lè Asiryen yo te kaptire dis tribi Izrayèl yo. Chapit 18–20 rakonte lavi jistis Ezekyas, wa Jida, ak pwofèt Ezayi. Chapit 21–23 pale konsènan wa Manase ak wa Jozyas. Daprè tradisyon, Manase te responsab pou matirize Ezayi. Jozyas te yon wa jis ki te retabli lwa pami Juif yo. Chapit 24–25 rakonte kapitivite Babilòn.