Èd pou Etid
Jèn, jene


Jèn, jene

Deside pa manje ak bwè volontèman pou w kapab apwoche pi pre Senyè a pou mande l benediksyon. Lè kèk moun oubyen kèk gwoup moun ap jene, yo dwe priye tou pou yo konprann volonte bondye epi pou yo devlope pi gwo fòs espirityèl. Vrè kwayan yo te toujou konn pratike jèn.

Nan Legliz la jodi a, yo mete yon jou Saba apa chak mwa pou jèn. Nan lè sa a, manm Legliz yo rete san manje ni bwè a dlo pandan yon peryòd tan. Epi, yo bay Legliz la lajan yo ta pral depanse pou repa sa yo. Yo rele lajan sa don jèn. Legliz la itilize don jèn nan pou ede moun pòv yo ak moun ki nan nesesite yo.