Èd pou Etid
Natan


Natan

Yon pwofèt Ansyen Testaman nan epòk Wa David la. Lè David te ofri pou l bati yon tanp pou Senyè a, Senyè a enstwi Natan pou l di David li pa dwe bati l. Natan te repwoche David tou poutèt li te lakoz lanmò Iri, youn nan sòlda David yo, epi poutèt David te pran Batcheba, madanm Iri a kòm madanm (2 Sam. 12:1–15; D&A 132:38–39). Zadòk avèk Natan te kouwone Salomon, pitit gason David la wa (1 Wa 1:38–39, 45).