Èd pou Etid
Bondye, Divinite


Bondye, Divinite

Gen twa pèsonaj separe nan Divinite a: Bondye, Papa Etènèl la; Pitit Gason Li an, Jezikri; ak Sentespri a. Nou kwè nan Yo chak (AL 1:1). Revelasyon nan dènye jou yo anseye nou, Papa a ak Pitit Gason an gen kò chè ak zo tangib epi Sentespri a se yon pèsonaj lespri, ki pa gen chè ak zo (D&A 130:22–23). Twa pèsonaj sa yo fè youn nan inite pafè yo gen menm bi ak menm doktrin (Jan 17:21–23; 2 Ne. 31:21; 3 Ne. 11:27, 36).

Bondye Papa a

An jeneral se a Papa a, oubyen Eloyim tit Bondye a fè moun panse. Yo rele l Papa a paske li se papa lespri nou (Nonb 16:22; 27:16; Mal. 2:10; Mat. 6:9; Efe. 4:6; Ebre 12:9). Papa Bondye se gouvènè siprèm linivè. Li gen tout pouvwa (Jen. 18:14; Alma 26:35; D&A 19:1–3), Li konnen tout bagay (Mat. 6:8; 2 Ne. 2:24), epi Espri Li tout kote (Sòm 139:7–12; D&A 88:7–13, 41). Limanite gen yon relasyon espesyal avèk Bondye ki te mete lèzòm apa pami tout lòt bagay ki te kreye: gason ak fi yo se pitit espirityèl Bondye (Sòm 82:6; 1 Jn. 3:1–3; D&A 20:17–18).

Gen sèlman kèk sikonstans kote yo ekri Papa Bondye te parèt devan moun oubyen te pale avèk moun. Ekriti yo fè konnen Li te pale avèk Adan epi ak Èv (Moyiz 4:14–31) epi Li te prezante Jezikri nan anpil okazyon (Mat. 3:17; 17:5; Jan 12:28–29; 3 Ne. 11:3–7). Li te parèt devan Etyèn (Tra. 7:55–56) ak Joseph Smith (I—JS 1:17). Apre sa Li te parèt devan Joseph Smith ak Sidney Rigdon ansanm (D&A 76:20, 23). Pou moun ki renmen Bondye epi ki pirifye tèt yo devan L, kèk fwa, Bondye akòde privilèj pou yo wè L epi pou yo konnen L poutèt pa yo se Bondye Li ye (Mat. 5:8; 3 Ne. 12:8; D&A 76:116–118; 93:1).

Bondye, Pitit Gason an

Bondye nou konnen kòm Jewova a, se Pitit Gason an, Jezikri (Eza. 12:2; 43:11; 49:26; 1 Kor. 10:1–4; 1 Tim. 1:1; Apok. 1:8; 2 Ne. 22:2). Jezi travay sou zòd Papa a epi Li anamoni avèk Li. Tout limanite se frè L ak sè L, paske Li se pi gran nan pitit lespri Eloyim yo. Kèk referans ekriti sèvi ak mo Bondye a pou Li. Paegzanp, ekriti a di konsa “Bondye te kreye syèl la ak tè a” (Jen. 1:1), men reyèlman se te Jezi ki te Kreyatè a sou zòd Papa Bondye (Jan 1:1–3, 10, 14; Ebre 1:1–2).

Bondye, Sentespri a

Sentespri a se yon Bondye tou epi yo rele l Lespri Sen an, Lespri a, epi Lespri Bondye a, nan pami lòt non sanblab ak tit yo ba li. Avèk èd Sentespri a, lèzòm kapab konnen volonte Papa Bondye epi yo kapab konnen Jezi se Kris la (1 Kor. 12:3).