Èd pou Etid
Noye, patriyach biblik


Noye, patriyach biblik

Nan Ansyen Testaman an, pitit gason Lemèk la epi dizyèm patriyach depi nan Adan (Jen. 5:29–32). Li te temwaye konsènan Kris la epi li te preche repantans devan yon jenerasyon mechan. Lè pèp la te rejte mesaj li a, Bondye te kòmande l pou l bati yon lach pou l mete fanmi l ak tout bèt yo pandan delij la pral detwi mechan yo (Jen. 6:13–22; Moyiz 8:16–30). Pwofèt Joseph Smith fè konnen Noye se zanj Gabriyèl la epi li kanpe kote Adan pou l kenbe kle sali a.