Èd pou Etid
Alyans Abraram


Alyans Abraram

Abraram te resevwa levanjil la epi li te konsakre nan pi gran prètriz la (D&A 84:14; Abr. 2:11), li kontrakte maryaj selès la ki se alyans Egzaltasyon an (D&A 131:1–4; 132:19, 29). Abraram te resevwa yon pwomès ke posterite mòtèl li t ap resevwa pwomès tout benediksyon alyans sa yo (D&A 132:29–31; Abr. 2:6–11). Ansanm, alyans ak pwomès sa yo rele Alyans Abraram nan. Retablisman alyans sa a sete Retablisman levanjil la nan dènye jou yo, paske, ladann tout nasyon sou tè a ap beni (Gal. 3:8–9, 29; D&A 110:12; 124:58; Abr. 2:10–11).