Èd pou Etid
Lamanit yo


Lamanit yo

Yon gwoup moun nan Liv Mòmon an, anpil ladan yo te desandan Laman, pi gran pitit gason Leyi a. Yo te panse Nefi ak desandan Nefi yo te fè yo mal (Mozya 10:11–17). Kòm konsekans, yo te fè rebèl kont Nefit yo epi souvan yo te rejte ansèyman levanjil la. Sepandan, pa lontan anvan nesans Jezikri, Lamanit yo te aksepte levanjil la epi yo te vin pi jis pase Nefit yo (Ela. 6:34–36). Desan tan apre Kris la te fin vizite Amerik la, Lamanit yo ak Nefit yo te vin mechan epi youn te kòmanse fè lagè avèk lòt. Anviwon 400 apre Jezikri, Lamanit yo te detwi nasyon Nefit la nèt.