Èd pou Etid
Maryaj, marye


Maryaj, marye

Yon alyans oubyen kontra legal ant yon gason avèk yon fi ki fè yo vin tounen mari ak madanm. Bondye te òdone maryaj (D&A 49:15).

Nouvo alyans etènèl maryaj

Maryaj ki selebre sou lwa levanjil la ak prètriz sen an, fèt pou lavi mòtèl epi pou letènite. Gason ak fi diy ki sele konsa nan maryaj tanp kapab kontinye kòm mari ak madanm pou tout letènite.

Maryaj kwayans diferan

Maryaj ant gason ak fi ki gen kwayans koutim relijye diferan.

Maryaj pliral

Maryaj yon mari avèk de oubyen plis madanm ki vivan. Li legal pou yon nonm genyen sèlman yon sèl madanm, eksepte si Senyè a revele yon lòt kòmandman (Jakòb 2:27–30). Poutèt revelasyon, moun te pratike maryaj pliral nan epòk Ansyen Testaman an epi nan kòmansman Legliz retabli a sou direksyon pwofèt la ki te gen kle prètriz la (D&A 132:34–40, 45). Yo pa pratike l ankò nan Legliz la (DO 1); si yon moun gen plis pase yon sèl madanm, se pa apwopriye pou l manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.