Èd pou Etid
Dispansasyon


Dispansasyon

Yon dispansasyon levanjil se yon peryòd tan lè Senyè a genyen omwen yon sèvitè otorize sou tè a ki gen kle prètriz sen l lan.

Adan, Enòk, Noye, Abraram, Moyiz, Jezikri, Joseph Smith ak lòt moun, yo chak te kòmanse yon nouvo dispansasyon levanjil. Lè Senyè òganize yon dispansasyon, li revele levanjil la ankò pou pèp dispansasyon an pa depann de dispansasyon pase yo pou konesans plan sali a. Dispansasyon Joseph Smith te kòmanse a rele “dispansasyon plenitid tan yo.”