Èd pou Etid
Skrib


Skrib

Ansyen ak Nouvo Testaman an itilize mo a nan fason ki yon ti jan diferan: (1) Nan Ansyen Testaman an, responsablite prensipal skrib la se te pou l kopye ekriti yo (Jer. 8:8). (2) Nouvo Testaman mansyone skrib yo souvan epi kèk fwa yo rele yo avoka oubyen doktè lwa a. Yo devlope lwa an detay epi yo aplike l pou sikonstans epòk yo a (Mat. 13:52; Mak 2:16–17; 11:17–18; Lik 11:44–53; 20:46–47).