Èd pou Etid
Kwa


Kwa

Estrikti an bwa kote yo te mete Jezikri pou krisifye l la (Mak 15:20–26). Jodi a, anpil moun nan mond lan panse li se senbòl Krisifiksyon ak sakrifis ekspyatwa Kris la; sepandan, Senyè a te tabli senbòl pa L pou Krisifiksyon ak sakrifis Li a—pen ak dlo sentsèn nan (Mat. 26:26–28; D&A 20:40, 75–79). Nan ekriti yo, moun ki pran kwa yo se moun ki tèlman renmen Jezikri, yo debarase kò yo ak enpyete, ak tout konvwatiz monden epi ki respekte kòmandman L yo (TJS, Mat. 16:25–26 [Apendis]).