Jan yo itilize l nan ekriti yo, kèk fwa, li se yon mesaj vokal Senyè a oubyen mesaje Li yo bay. Vwa Lespri a kapab tou yon mesaj ki pa vokal epi ki pwente sou direksyon kè nou oubyen panse nou.
Adan ak Èv te tande vwa Senyè Bondye a, Jen. 3:8 (Moyiz 4:14 ).
Senyè a te pale avèk Eli nan yon ti vwa trankil, 1 Wa 19:11–13 .
Jis yo suiv vwa Bon Bèje a, Jan 10:1–16 .
Tout moun ki nan verite yo tande vwa m, Jan 18:37 .
M te obeyi vwa Lespri a, 1 Ne. 4:6–18 .
M te tande yon vwa ki di: Enòs, peche w yo padone, Enòs 1:5 .
Se te yon vwa trankil ki te pafètman dou epi li te pèse nanm mwen dirèk, Ela. 5:29–33 (3 Ne. 11:3–7 ).
Menm si se avèk pwòp vwa m oubyen avèk vwa sèvitè m yo, se menm bagay la, D&A 1:38 .
Nenpòt pawòl yo pale lè Sentespri a anime yo, se ap vwa Senyè a, D&A 68:2–4 .
Chak nanm ki obeyi vwa m ap wè figi m epi l ap konnen m egziste, D&A 93:1 .