Èd pou Etid
Lo


Lo

Nan Ansyen Testaman an, pitit gason Aran epi neve Abraram (Jen. 11:27, 31; Abr. 2:4). Aran te mouri poutèt famin ki te genyen nan Our (Abr. 2:1). Lo te kite Our avèk Abraram epi Sara epi li te vwayaje avèk yo ale nan Kanaran (Jen. 12:4–5). Lo te prefere rete nan Sodòm. Senyè a te voye mesaje pou avèti Lo pou l sove kite Sodòm anvan Senyè a te detwi Sodòm poutèt mechanste pèp la (Jen. 13:8–13; 19:1, 13, 15); sepandan, madanm Lo te vire gade dèyè pou l te kapab wè destriksyon an epi li te vin tounen yon estati sèl (Jen. 19:26). Nouvo Testaman an gen referans konsènan Lo (Lik 17:29; 2 Pyè 2:6–7). Lavi li apre l te fin separe avèk Abraram nan dekri nan Jenèz 13, 14, ak 19.