Èd pou Etid
Efezyen, Epit pou


Efezyen, Epit pou

Nan Nouvo Testaman an, yon epit Apot Pòl te ekri voye bay Sen Efèz yo. Epit la gen gran enpòtans paske li genyen ansèyman Pòl konsènan Legliz Kris la.

Chapit 1 gen salitasyon abityèl la. Chapit 2–3 esplike chanjman ki fèt nan moun lè yo vin tounen manm Legliz la—yo vin tounen konsitwayen avèk Sen yo, Janti yo ak Juif yo ki reyini nan yon sèl Legliz. Chapit 4–6 esplike wòl Apot yo ak pwofèt yo, nesesite pou inite, epi ak nesesite pou moun abiye yo ak tout zam Bondye.