Èd pou Etid
Pannkòt


Pannkòt

Kòm yon pati nan lwa Moyiz la, Fèt Pannkòt oubyen Fèt premye fwi yo te fete senkant jou apre Fèt Pak la (Lev. 23:16). Pannkòt la, se te pou selebre rekòt, epi nan Ansyen Testaman an yo rele l Fèt rekòt oubyen Fèt semèn yo. Se te fèt sa a ki t ap selebre a lè Apot nan Jerizalèm yo te ranpli avèk Sentespri a epi yo te pale plizyè lang yo (Tra. 2; D&A 109:36–37).