Èd pou Etid
Nefi, pitit gason Nefi, pitit gason Elaman


Nefi, pitit gason Nefi, pitit gason Elaman

Youn nan douz disip Nefit Jezikri resisite a te chwazi nan Liv Mòmon an (3 Ne. 1:2–3; 19:4). Pwofèt sa a te priye Senyè a anpil pou pèp li a. Nefi te tande vwa Senyè a (3 Ne. 1:11–14). Zanj te vizite Nefi tou, li te chase dyab yo, te leve frè l la pami mò yo epi li te rann yon temwayaj moun pa kapab meprize (3 Ne. 7:15–19; 19:4). Nefi te kenbe rejis ekriti yo (3 Ne. 1:2–3).

Liv 3 Nefi a

Yon liv nan Liv Mòmon an, Nefi, pitit gason Nefi a te ekri. Chapit 1–10 montre akonplisman pwofesi konsènan vini Senyè a. Yo te resevwa siy nesans Kris la; pèp la te repanti; epi apre sa yo te retounen nan mechanste. Finalman tanpèt, tranbleman tè, siklòn vyolan ak gran destriksyon te siyale lanmò Kris la. Chapit 11–28 anrejistre vini Kris la nan Amerik. Sa se pati santral liv 3 Nefi a. Anpil nan pawòl Kris yo sanble avèk diskou Li yo ki anrejistre nan Bib la (paregzanp, Mat. 5–7 epi 3 Ne. 12–14). Chapit 29–30 se pawòl Mòmon pou nasyon nan dènye jou yo.

Liv 4 Nefi a

Liv sa a sèlman gen 49 vèsè, yo tout nan yon sèl chapit la, men li kouvri prèske 300 zan nan istwa Nefit la (34–321 apre Jezikri). Plizyè jenerasyon ekriven, ak Nefi tou te kontribye nan rejis sa a. Vèsè 1–19 fè konnen, apre vizit Kris resisite a, tout Nefit yo ak tout Lamanit yo te konvèti nan levanjil la. Lapè, lanmou, ak amoni te reye. Twa disip Nefit yo Kris la te aksepte pou rete sou tè a jis tan Dezyèm Vini L la (3 Ne. 28:4–9) yo te administre pou pèp la. Nefi te kite rejis yo nan men Amòs, pitit gason l lan. Vèsè 19–47 se istwa ministè Amòs (84 ane) ak ministè Amòs, pitit gason l lan (112 ane). Nan 201 apre Jezikri, lògèy te kòmanse koze pwoblèm pami pèp la, yo divize tèt yo fè de klas epi yo kòmanse fo legliz pou yo kapab gen lajan (4 Ne. 1:24–34).

Vèsè final nan 4 Nefi a montre kòman pèp la te retounen nan mechanste ankò (4 Ne. 1:35–49). Nan 305 apre Jezikri, Amòs, pitit gason Amòs la te mouri epi Amawon, frè l la te sere tout rejis sakre yo pou pwoteksyon. Apre sa Amawon te konfye rejis yo nan men Mòmon, ki te anrejistre plizyè evènman konsènan lavi pa l epi apre sa li rezime yo (Mòm. 1:2–4).