Èd pou Etid
Laman


Laman

Yon manje won, piti mens tankou kwout pen ki gen gou gato myèl (Egz. 16:14–31) oubyen lwil frèch (Nonb 11:7–8). Senyè a te ba li pou nouri pitit Izrayèl yo pandan karant ane yo te pase nan dezè a (Egz. 16:4–5, 14–30, 35; Joz. 5:12; 1 Ne. 17:28).

Pitit Izrayèl yo te rele l laman (oubyen man-hu nan lang Ebre)—ki vle di “Ki sa l ye”—paske yo pa t konnen ki sa l te ye (Egz. 16:15). Yo te rele l “manje zanj” tou, epi “pen ki soti nan syèl” (Sòm 78:24–25; Jan 6:31). Se te yon senbòl pou Kris, ki t ap vin tounen Pen Lavi a (Jan 6:31–35).