Èd pou Etid
Apokalips


Apokalips

Dènye liv nan Nouvo Testaman an. Li kapab vle di tou nenpòt revelasyon remakab. Soti nan yon mo Grèk ki vle di “revele” oubyen “dekouvri.” Ki se revelasyon Jan, Apot la te resevwa a. Li te gen pèmisyon pou l wè istwa mond lan, espesyalman dènye jou yo (Apok. 1:1–2; 1 Ne. 14:18–27; D&A 77).

Jan te resevwa revelasyon sa a nan jou Senyè a, sou zile Patmòs la (Apok. 1:9–10), pre rivaj Azi a, pa twò lwen Efèz. Moun pa konnen dat ekzat revelasyon an.

Nou jwenn kle pou konprann liv la nan 1 Nefi 14:18–27 ak Doktrin ak Alyans 77 (Etè 4:15–16).

Chapit 1–3 se entwodiksyon liv la ak lèt pou sèt legliz Azi yo. Jan te ekri lèt yo pou l te kapab ede Sen yo rezoud kèk pwoblèm. Chapit 4–5 anrejistre vizyon Jan te resevwa ki te montre grandè ak pouvwa jis Bondye ak Kris la. Nan chapit 6–9, 11, Jan anrejistre yon liv li te wè ki te sele avèk sèt so, epi chak so te reprezante mil ane istwa tanporèl tè a. Chapit sa yo pale prensipalman sou evènman ki nan setyèm so a (gade nan Apok. 8–9; 11:1–15). Chapit 10 dekri yon liv Jan te manje. Liv la reprezante yon misyon lavni li te gen pou l akonpli. Chapit 12 anrejistre yon vizyon konsènan mal ki te kòmanse nan syèl la lè Satan te fè rebèl epi yo te chase l. Lagè ki te kòmanse a kontinye fèt sou tè a. Nan chapit 13, 17–19, Jan dekri wayòm mechan yo sou tè a ki anba kontwòl Satan, epi li anrejistre sò yo ak destriksyon final mal. Chapit 14–16 dekri jistis Sen yo nan mitan mal yon ti tan anvan dezyèm vini Kris la. Chapit 20–22 dekri Milenyòm nan, bèl vil Nouvo Jerizalèm nan, epi evènman final istwa tè a.