Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 77


Seksyon 77

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa nan Hiram, Ohio, nan zòn Mas 1832. Istwa Joseph Smith la deklare: “An koneksyon avèk tradiksyon ekriti yo, m te resevwa eksplikasyon sa a konsènan Apokalips Sen Jan an.”

1–4, Bèt yo gen lespri epi yo ap rete nan bonè etènèl; 5–7, Tè sa a gen yon egzistans tanporèl pou 7.000 ane; 8–10, Anpil zanj retabli levanjil la epi yo administre sou tè a; 11, sèlman 144.000 mil yo; 12–14, Kris la pral vini nan kòmansman setyèm mil ane yo; 15, De pwofèt pral leve pou nasyon Juif la.

1 K. Kisa alanmè kristal Jan te pale nan 4èm chapit, 6èm vèsè Apokalips la ye?R. Se b a, nan eta sanktifye, imòtèl, epi cetènèl li a.

2 K. Kisa nou dwe konprann konsènan kat bèt Jan te pale nan menm vèsè sa a?R. Yo se ekspresyon afigire, Jan, Revelatè a te itilize pou l dekri bsyèl la, cparadi Bondye a, dbonè lòm, ak bèt yo, ak bagay ki ranpe yo, ak zwazo yo ki anlè a; bagay ki espirityèl yo sanble ak bagay ki tanporèl yo; epi bagay ki tanporèl yo sanble avèk bagay ki espirityèl yo; elespri lòm sanble avèk kò fizik li, menm jan an tou pou lespri fbèt yo, ak tout lòt kreyati Bondye te kreye.

3 K. Èske kat bèt yo se bèt Sèlman, oubyen èske yo reprezante klas yo oubyen ran yo?R. Yo se kat bèt, Senyè a te montre Jan, ki reprezante laglwa klas tèt yo nan lòd respektif yo oubyen adimansyon kreyasyon yo, jwisans bbonè etènèl yo.

4 K. Kisa nou dwe konprann konsènan je ak zèl bèt yo te genyen yo?R. Je yo se yon reprezantasyon limyè ak akonesans, ki vle di, yo chaje avèk konesans; epi zèl yo se yon reprezantasyon bpouvwa, pou deplase, pou aji, eksetera.

5 K. Kisa nou dwe konprann konsènan vennkat aansyen Jan te wè yo?R. Nou dwe konprann, ansyen sa yo Jan te wè a, se te ansyen ki te bfidèl nan travay ministè a epi ki te mouri; yo te manm nan csèt legliz yo, epi apre sa yo te nan paradi Bondye a.

6 K. Kisa nou dwe konprann konsènan liv Jan te wè a, liv ki te asele sou kouvèti l avèk sèt so a?R. Nou dwe konprann li gen volonte ki revele a, bmistè yo, ak zèv Bondye yo; bagay Bondye kache pou ekonomi l konsènan c sa a pandan sèt mil ane l ap kontinye yo oubyen pandan sèt milan egzistans tanporèl li.

7 K. Kisa nou dwe konprann konsènan sèt so ki te sele l yo?R. Nou dwe konprann premye so a gen bagay apremye mil ane yo, epi dezyèm nan, pou dezyèm milan yo, epi ale konsa jouk nan setyèm nan.

8 K. Kisa nou dwe konprann konsènan kat zanj li pale nan 7èm chapit ak 1e vèsè Apokalips la?R. Nou dwe konprann yo se kat zanj Bondye te voye, li te ba yo pouvwa sou kat kwen tè a, pou sove epi pou detwi lavi; se yo menm ki gen alevanjil etènèl la pou yo bay chak nasyon, fanmi, lang, ak pèp yo; yo gen pouvwa pou yo fèmen syèl yo, pou yo sele pou lavi, oubyen pou yo chase brejyon tenèb yo desann.

9 K. Kisa nou dwe konprann konsènan zanj ki t ap monte anlè soti nan kote lès la, Apokalips chapit 7, vèsè 2?R. Nou dwe konprann zanj ki t ap monte anlè soti nan kote lès la se zanj Bondye te bay so li a sou douz tribi aIzrayèl yo; se poutèt sa, l ap rele nan zòrèy kat zanj yo ki gen levanjil etènèl la, li di: Pa frape tè a, ni lanmè a, ni pyebwa yo, jistan nou sele sèvitè Bondye nou an sou bfon yo. Epi si nou vle ap resevwa l, se cElyas ki te gen pou l vin rasanble tribi Izrayèl yo ansanm epi pou l drestore tout bagay.

10 K. Ki lè bagay yo ki ekri nan chapit sa a dwe akonpli?R. Yo dwe akonpli nan asizyèm mil ane yo, oubyen lè sizyèm so a louvri.

11 K. Kisa nou dwe konprann konsènan sèlman asan karant kat mil yo, pami tout tribi Izrayèl yo—douz mil nan chak tribi?R. Nou dwe konprann moun ki sele yo se bgran prèt, ki òdone daprè lòd sen Bondye a, pou administre levanjil etènèl la; paske se yo menm zanj ki gen pouvwa sou nasyon yo ki sou tè a te òdone, pami chak nasyon, fanmi, lang ak pèp, pou mennen tout moun ki vle vini nan legliz cPremye ne a.

12 K. Kisa nou dwe konprann konsènan sonnen atwonpèt la ki mansyone nan chapit 8 Apokalips la?R. Nou dwe konprann, menm jan Bondye te kreye mond lan nan si jou, epi li te fini travay li nan setyèm jou a, epi l te bsanktifye l, epi tou li te fòme lòm avèk cpousyè tè a, se konsa tou, nan kòmansman sèt mil ane yo, Senyè Bondye a pral dsanktifye tè a, epi li pral konplete sali lòm, epi l pral ejije tout bagay, epi l pral frachte tout bagay, nan finisman tout bagay; epi sonnen twonpèt sèt zanj yo se preparasyon ak finisman travay li, nan kòmansman sèt mil ane yo—preparasyon chemen an anvan lè aparisyon li a.

13 K. Ki lè bagay yo ki ekri nan 9èm chapit Apokalips la pral akonpli?R. Yo dwe akonpli apre setyèm so a fin louvri, anvan aparisyon Kris la.

14 K. Kisa nou dwe konprann konsènan ti liv Jan te amanje a, jan sa te mansyone nan 10èm chapit Apokalips la?R. Nou dwe konprann se te yon misyon ak yon òdonans, pou l brasanble tribi Izrayèl yo; gade, se konsènan Elyas sa ekri, ki dwe vin crestore tout bagay.

15 K. Kisa nou dwe konprann konsènan de atemwen ki nan chapit onz Apokalips la?R. Yo se de pwofèt ki pral leve pou nasyon bJuif yo nan cdènye jou yo, nan epòk drestorasyon an, pou pwofetize pou Juif yo apre yo fin rasanble, epi apre yo fin bati vil Jerizalèm nan, nan epeyi zansèt yo.