Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 5


Seksyon 5

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa, nan Harmony, Pennsylvania, an Mas 1829, sou demann Martin Harris.

1–10, Jenerasyon sa a pral resevwa pawòl Senyè a pa lantremiz Joseph Smith; 11–18, Twa temwen pral temwaye konsènan Liv Mòmon an; 19–20, Pawòl Bondye a pral verifye menm jan avèk nan tan lontan; 21–35, Martin Harris kapab repanti e li kapab vin tounen youn nan temwen yo.

1 Gade, m di li, kòm sèvitè m nan, aMartin Harris vle yon temwayaj nan men m, ke oumenm, Sèvitè m nan Joseph Smith, pitit la, te resevwa bplak ou temwaye e sètifye ke ou te resevwa nan men m yo;

2 Epi kounyeya, gade, men sa pou ou di l—moun ki te pale avèk ou a te di ou: Mwen menm, Senyè a, m se Bondye, e m te ba ou menm, Joseph Smith, pitit la, sèvitè m nan bagay sa yo, e m te kòmande w li pou ou sèvi kòm atemwen pou bagay sa yo;

3 Epi m te fè w fè yon alyans avèk mwen, pou ou pa montre pèsonn plak yo eksepte amoun m kòmande w yo; epi ou pa gen bpouvwa sou yo eksepte si m ba ou pouvwa.

4 Epi ou gen don pou ou tradui plak yo; epi se premye don m te ba ou; epi m te kòmande ou pou ou pa pretann ou gen okenn lòt don jistan objektif mwen akonpli nan bagay sa a; paske m p ap ba ou okenn lòt don jistan sa a fini.

5 An verite, m di ou konsa, malè pral tonbe sou abitan tè yo si yo apa koute pawòl mwen yo;

6 Paske, depi kounyeya m pral aòdone ou epi ou pral mache bay pitit lèzòm yo bpawòl mwen yo.

7 Gade, si yo pa vle akwè pawòl mwen yo, yo pa t ap kwè ou, sèvitè m nan, Joseph, menm si l ta posib pou ou montre yo tout bagay m te konfye nan men ou yo.

8 O, jenerasyon aenkredil ak bkou rèd sa a—kòlè m limen kont yo.

9 Gade, an verite m di ou konsa, m arezève bagay sa yo m te konfye w la, sèvitè m nan, Joseph, nan yon bi ki saj ki nan mwen, e m ap fè jenerasyon ou yo konnen l;

10 Men, jenerasyon sa a pral gen pawòl mwen pa lantremiz oumenm;

11 Epi temwayaj ou pral adisyone avèk atemwayaj twa nan sèvitè m yo, sèvitè m pral bay apèl epi m pral òdone, m pral montre yo bagay sa yo, epi yo pral avanse avèk pawòl mwen yo ki vini pa lantremiz oumenm.

12 Wi, yo pral konnen an verite bagay sa yo se verite, paske m pral deklare yo li depi nan syèl la.

13 M pral ba yo pouvwa pou yo kapab gade epi pou yo kapab wè bagay sa yo jan yo ye a;

14 Epi m p ap bay aokenn lòt moun pouvwa sa a, pou yo resevwa menm temwayaj sa a nan jenerasyon sa a, kote blegliz mwen an kòmanse ap leve epi grandi soti nan dezè a—klè tankou clalin nan, briyan tankou solèy la, epi terib tankou yon lame anba banyè l yo.

15 Epi m pral voye temwayaj twa atemwen avèk pawòl mwen.

16 Epi gade, tout moun ki akwè pawòl mwen yo, m ap bvizite yo avèk cmanifestasyon dLespri m; epi y ap pran enesans nan mwen, menm avèk dlo epi avèk Lespri a—

17 Epi ou dwe rete tann pou yon ti tan ankò, paske ou poko aòdone

18 Epi temwayaj yo tou prale pou akondanasyon jenerasyon sa si yo fè kè di kont yo;

19 Paske yon amalediksyon dezolasyon pral gaye nan mitan abitan tè yo, epi li pral kontinye simaye tanzantan, si yo pa brepanti, jistan tè a vin cvid, epi abitan yo konsonmen nèt ale, epi m detwi nèt devan ekla daparisyon.

20 Gade, m di ou bagay sa yo, menm jan m te apale pèp la konsènan destriksyon Jerizalèm nan; epi bpawòl mwen yo pral verifye kounyeya menm jan yo te verifye l la.

21 Epi kounyeya m kòmande ou, Joseph, sèvitè m nan, pou ou repanti epi pou ou mache pi dwat devan m, epi pou ou pa kite lèzòm pèsyade ou ankò;

22 Epi pou ou rete fèm nan arespekte kòmandman m te ba ou yo; epi si ou fè sa, gade, m ap ba ou lavi etènèl, menm si moun ta btouye ou.

23 Epi kounyeya, m pale avèk ou ankò, Joseph, sèvitè m nan, konsènan amoun sa a ki vle yon temwayaj la—

24 Gade, m di l konsa, li egzalte tèt li e li pa gen ase imilite devan m; men si l koube devan m, e imilye tet li nan gwo priyè ak lafwa ak kè sensè, lè sa a m ap fè l a bagay li vle wè yo.

25 Epi apre sa, li pral di moun nan jenerasyon sa a: Gade, m te wè bagay Senyè a te montre Joseph Smith, pitit la, epi m akonnen an verite yo se verite, paske m te wè yo, paske se pouvwa Bondye ki te montre m yo; se pa t pouvwa lòm.

26 Epi mwen menm Senyè a, m kòmande l, Martin Harris, sèvitè m nan, pou l pa pale konsènan bagay sa yo ankò, eksepte si l ap di: M te wè yo, e se pouvwa Bondye ki te fè m wè yo; e se pawòl sa yo li dwe di.

27 Men si l nye sa, l ap vyole alyans li te fè avèk mwen an, epi gade, li kondane.

28 Epi kounyeya, si l pa imilye tet li e si l pa rekonèt bagay li te fè mal yo devan m, e si l pa fè alyans avèk mwen pou l respekte kòmandman m yo, e si l pa egzèse lafwa nan mwen, gade, m di l konsa, li p ap wè okenn bagay, paske m p ap kite l wè anyen konsènan bagay m te pale yo.

29 Epi si se sa, m kòmande ou, Joseph, sèvitè m nan, pou ou di l pa fè sa ankò, epi tou pou l pa nwi m ankò konsènan bagay sa a.

30 Epi si se sa, gade, m ap di ou Joseph, lè ou fin tradui kèk paj anplis, sispann pandan yon sèten tan, jistan m kòmande ou ankò; apre sa ou kapab tradui ankò.

31 Epi, gade, si ou pa fè sa, ou p ap gen don ankò, epi m ap pran bagay m te konfye ou yo.

32 Epi kounyeya, paske m prevwa moun pral fè konplo pou yo detwi ou, wi, m prevwa, si sèvitè m Martin Harris, pa imilye tèt li epi resevwa yon temwayaj nan men m, l ap tonbe nan transgresyon;

33 Epi gen anpil moun k ap fè konplo pou adetwi ou sou sifas tè a; epi se poutèt sa, pou lavi w kapab pwolonje, m te ba ou kòmandman sa yo.

34 Wi, se poutèt sa m te di: Sispann, epi rete dousman jistan m kòmande ou, epi m ap a mwayen pou ou kapab akonpli bagay m te kòmande w yo.

35 Epi si ou respekte kòmandman m yo avèk alafwa, m ap bleve ou nan dènye jou a. Amèn.