Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 7


Seksyon 7

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la ak Oliver Cowdery te resevwa nan Harmony, Pennsylvania, an Avril 1829, lè yo te mande atravè Ourim ak Toumim nan, pou yo konnen si Jan, disip byenneme a te rete nan kò fizik la oubyen si l te mouri. Revelasyon an se yon vèsyon tradui nan rejis Jan te ekri sou papiris la epi kache a.

1–3, Jan Byenneme a ap viv jistan Senyè a vini; 4–8, Pyè, Jak, ak Jan kenbe kle levanjil la.

1 Epi Senyè a te di m: aJan, byenneme m nan, ki sa ou bvle? Paske si ou mande sa w vle, m ap akòde w li.

2 Epi m te di l: Senyè, ban m pouvwa sou alanmò, pou m kapab viv pou m mennen nanm ba ou.

3 Epi Senyè a te di m: An verite, an verite, m di ou, poutèt ou vle bagay sa a, w ap arete jistan m vini nan blaglwa m, epi ou pral cpwofetize devan nasyon, fanmi, lang ak pèp.

4 Epi pou rezon sa a Senyè a te di Pyè: Si m vle l rete jistan m vini, ki sa sa fè ou? Paske, li te vle pou m kite l mennen nanm ban mwen, men ou menm, ou te vle pou ou rantre rapid rapid nan awayòm mwen an.

5 M di ou, Pyè, se te yon bon dezi; men byenneme m nan te vle fè plis, oubyen yon pi gwo travay pase sa l te deja fè a nan mitan lèzòm.

6 Wi, li te kòmanse yon pi gwo travay; se poutèt sa m ap fè l tounen yon flanm dife epi yon zanj k ap atravay; li pral travay pou moun ki pral beritye sali yo, ki rete sou c.

7 Epi m ap prepare l pou travay pou li ak Jak, frè w la; epi m ap ba nou tou lètwa pouvwa ak akle ministè sa a jistan m vini.

8 An verite, m di nou, nou toude ap resevwa daprè dezi nou, paske nou toude arejwi nan sa nou te vle a.