Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 51


Seksyon 51

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa, nan Thompson, Ohio, 20 Me 1831. Lè sa a, Sen yo ki t ap deplase soti nan eta lès yo te kòmanse rive nan Ohio, epi li te vin nesesè pou fè aranjman definitif pou enstalasyon yo. Kòm aktivite sa a te patikilyèman responsablite ofis evèk la, Evèk Edward Partridge te chèche enstriksyon sou sijè a, epi Pwofèt la te mande Senyè a.

1–8, Yo lonmen Edward Partridge pou regilarize entandans ak pwopriyete yo; 9–12, Sen yo dwe fè tranzaksyon ki onèt epi moun dwe trete yo menm jan an; 13–15, Yo dwe gen yon magazen evèk epi yo dwe òganize pwopriyete yo daprè lalwa Senyè a; 16–20, Ohio dwe tounen yon kote pou rasanbleman tanporè.

1 Senyè Bondye w la di, koute m, epi m ap pale avèk sèvitè m nan, aEdward Partridge, epi m ap ba li direksyon; paske li dwe resevwa direksyon pou l konnen kòman pou l òganize pèp sa a.

2 Paske se nesesè pou yo òganize daprè alalwa mwen yo; si se pa sa, y ap retranche.

3 Se poutèt sa, se pou sèvitè m nan, Edward Partridge, ak lòt m te chwazi yo, sa ki fè m plezi yo, akòde pèp sa a pòsyon pa yo, chak moun aegalego daprè fanmi l, daprè sitiyasyon li ak dezi l ak bbezwen l.

4 Epi se pou sèvitè m nan, Edward Partridge, lè l akòde yon moun pòsyon pa l, ba li yon papye pou pwoteje pòsyon sa a pou li, pou l kapab kenbe l, sa vle di dwa sa a ak eritaj sa a nan legliz la, jistan li transgrese epi vwa legliz la pa twouve l diy, daprè lalwa ak aalyans legliz la, pou l manm legliz la.

5 Si l transgrese epi li pa diy pou l manm legliz la, li p ap gen pouvwa pou l reklame pòsyon sa evèk la te konsakre pou pòv yo ak moun ki nan bezwen yo ki nan legliz la, se poutèt sa, li p ap kapab konsève don an, men, l ap sèlman kapab reklame pòsyon yo kite pou li a.

6 Epi konsa, tout bagay an sekirite, adapre blwa peyi a.

7 Epi se pou sa ki pou pèp sa a konsakre pou pèp sa a.

8 Epi alajan ki rete pou pèp sa a—se pou gen yon jeran konsakre pou pèp sa a, pou l pran blajan an, pou l kapab achte manje ak rad daprè bezwen pèp sa a.

9 Epi se pou chak moun fè aksyon aonèt, pou yo menm jan pami pèp sa a, pou yo resevwa menm bagay, pou nou kapab tounen byoun, jan m te kòmande nou an.

10 Epi yo pa dwe pran sa ki pou pèp sa a pou yo bay yon alòt legliz li.

11 Se poutèt sa, si yon lòt legliz resevwa lajan nan men legliz sa a, se pou yo peye legliz la daprè antant yo fè;

12 Epi sa dwe fèt pa lantremiz evèk la oubyen jeran an, avwa legliz la pral lonmen an.

13 Epi ankò, se pou evèk la tabli yon amagazen pou legliz sa a; epi se pou tout bagay ni lajan ni manje ki plis pase sa pèp la bbezwen ale nan men evèk la.

14 Epi se pou l rezève tou pou bezwen pa l, ak bezwen fanmi l, jan yo anplwaye l pou l fè travay sa a.

15 Epi konsa, m bay pèp sa a yon privilèj pou l òganize tèt li daprè alwa m yo.

16 Epi m konsakre atè sa a pou yo pou yon ti sezon, jistan mwen menm Senyè a, m pran swen yo yon lòt jan, epi jistan m kòmande yo pou yo kite kote sa a;

17 Epi m pa ba yo ni lè ni jou, se poutèt sa, se pou yo viv sou tè sa a kòmsi se te pou plizyè lane, epi sa ap vire pou byen yo.

18 Gade, sa ap yon aegzanp pou sèvitè m nan, Edward Partridge, nan lòt kote yo, nan tout legliz yo.

19 Epi nenpòt moun ki se yon responsab fidèl, ki jis epi ki asaj ap antre nan blajwa Senyè li a, epi l ap eritye lavi etènèl.

20 Toutbon, m di nou, m se Jezikri, k ap vini arapidrapid, nan b nou pa panse. Se konsa sa ye. Amèn.