Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 33


Seksyon 33

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa pou Ezra Thayre ak Northrop Sweet, nan Fayette, New York, Oktòb 1830. Pou entwodui revelasyon sa a, nan istwa Joseph Smith la, yo afime ke “Senyè a … toujou pare pou l enstwi moun ki chèche avèk dilijans, nan lafwa.”

1–4, Travayè yo resevwa apèl pou yo deklare levanjil la nan onzyèm èdtan an; 5–6, Legliz la tabli, moun chwazi yo dwe rasanble; 7–10, Repanti, paske wayòm syèl la pre; 11–15, Legliz la bati sou wòk levanjil la; 16–18, Pare pou aparisyon Mesye marye.

1 Gade, m di ou, sèvitè m nan, Ezra ak Northrop, louvri zòrèy nou epi koute vwa Senyè Bondye nou an, ki gen apawòl li ki rapid epi ki pisan an, ki pi file pase yon epe de bò, ki kapab divize jwenti yo ak mwèl la fè de a, nanm nan ak lespri a, epi ki kapab sonde panse ak bentansyon kè moun.

2 Paske an verite, an verite, m di ou, ou resevwa apèl pou ou leve vwa ou tankou ason yon twonpèt, pou ou deklare levanjil mwen an bay yon jenerasyon kwochi ak pèvès.

3 Paske gade, ajaden an deja mi pou rekòlte; epi se bonzyèm èdtan an, epi se cdènye fwa m ap rele travayè nan jaden m nan.

4 Epi ajaden m nan vin bkòwonpi nèt; epi pa gen pèsonn ki fè cbyen eksepte kèk moun; epi yo degare nan anpil fason akoz eentrigdeprèt, yo tout gen panse kòwonpi.

5 Epi an verite, an verite, m di ou, m te atabli blegliz sa a epi m te rele l soti nan dezè a.

6 Epi konsa menm, m pral arasanble moun m chwazi yo soti nan bkat kwen tè a, tout moun nèt ki vle kwè nan non mwen, epi ki vle koute vwa m.

7 Wi, an verite, an verite, m di ou, jaden an deja mi pou rekòlte; se poutèt sa, manche kouto digo ou, epi rekòlte avèk tout pisans ou, tout panse ou ak fòs ou.

8 aLouvri bouch ou epi l ap ranpli, epi w ap vin tankou bNefi ki te nan tan lontan an, ki te vwayaje soti nan Jerizalèm pou ale nan dezè a.

9 Wi, louvri bouch ou epi pa ranka kò ou, epi w ap chaje avèk abouke flè, paske gade, m avèk ou.

10 Wi, louvri bouch ou epi l ap ranpli, pou ou kapab di: aRepanti, repanti, epi prepare chemen Senyè a, epi fè santye li yo plat; paske wayòm syèl la pre;

11 Wi, repanti epi abatize, chak moun, pou padon peche nou yo; wi, batize avèk dlo menm, epi apre sa se batèm dife a ak batèm Sentespri a.

12 Gade, an verite, an verite, m di ou, se alevanjil mwen an sa; epi sonje, yo dwe gen lafwa nan mwen oubyen yo p ap kapab sove nan okenn fason;

13 Epi se sou awòk sa a m ap bati legliz mwen an; wi, se sou wòk sa a ou bati, epi si ou kontinye, bpòt lanfè a p ap gen pouvwa sou ou.

14 Epi ou dwe sonje aatik ak alyans legliz yo pou ou kapab respekte yo.

15 Epi nenpòt moun ki gen lafwa, ou dwe akonfime l nan legliz mwen an, pa enpozisyon bmen, epi m ap mete cdon Sentespri a sou yo.

16 Epi m bay Liv Mòmon an ak aekriti sen yo pou benstriksyon ou; epi pouvwa Lespri m cvivifye tout bagay.

17 Se poutèt sa, gen lafwa, priye toutan, pare mèch lanp ou yo epi limen yo, epi konsève gaz, pou ou kapab pare nan aparisyon aMesye marye a—

18 Paske gade, an verite, an verite, m di ou, m ap avini rapid rapid. Se sa menm. Amèn.