Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 37


Seksyon 37

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la ak Sidney Rigdon te resevwa toupre Fayette, New York, nan mwa Desanm 1830. Ladan l, yo te resevwa premye kòmandman an konsènan yon rasanbleman nan dispansasyon sa a.

1–4, Sen yo resevwa apèl pou yo rasanble nan Ohio.

1 Gade, m di nou li pa nesesè pou mwen pou w atradui plis ankò jistan ou ale nan Ohio, poutèt ènmi an epi pou byen ou.

2 Epi ankò, m di w ou pa dwe ale jistan ou preche levanjil mwen an nan kote sa yo, epi jistan ou fòtifye legliz la nenpòt kote li ye, pi espesyalman nan aColesville; paske, gade, yo priye m avèk anpil lafwa.

3 Epi ankò, m bay legliz la yon kòmandman, pou fè konnen li nesesè pou mwen, pou yo rasanble ansanm nan aOhio, pou lè sèvitè m nan, Oliver Cowdery, pral retounen vin jwenn yo.

4 Gade, se lasajès, epi kite chak moun achwazi pou tèt pa yo jistan m vini. Se sa menm. Amèn.