Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 28


Seksyon 28

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa pou Oliver Cowdery, nan Fayette, New York, Septanm 1830. Hiram Page, yon manm Legliz la te gen yon wòch epi li te fè konnen li te resevwa revelasyon gras ak èd wòch sa a konsènan konstriksyon Siyon, ak lòd Legliz la. Li te twonpe anpil moun ak pretansyon sa yo, epi li te menm enfliyanse Oliver Cowdery nan yon move fason. Egzakteman anvan moman ki te fikse pou yon konferans, Pwofèt la te konsilte Senyè a avèk ensistans sou zafè a, epi li te resevwa revelasyon sa a.

1–7, Joseph Smith gen kle mistè yo, e se sèl limenm ki resevwa revelasyon pou Legliz la; 8–10, Oliver Cowdery dwe preche Lamanit yo; 11–16, Satan te twonpe Hiram Page epi li te ba l fo revelasyon.

1 Gade, m di w, aOliver, pou legliz la tande w nan tout bagay ou banseye yo pa mwayen cKonsolatè a, konsènan revelasyon ak kòmandman m te bay yo.

2 Men, gade, an verite, an verite, m di w, apèsonn p ap otorize pou resevwa kòmandman ak revelasyon nan legliz sa a eksepte sèvitè m nan, bJoseph Smith, pitit la, paske li resevwa yo menm jan avèk Moyiz.

3 Epi ou dwe obeyisan nan bagay m ap ba li yo, menm jan avèk aAawon, pou ou deklare kòmandman yo ak revelasyon yo avèk lafwa, avèk pouvwa epi botorite devan legliz la.

4 Epi si Konsolatè a dirije w nenpòt lè pou ou apale oubyen pou ou anseye, oubyen tout tan kòm kòmandman pou legliz la, ou kapab fè sa.

5 Men ou pa dwe ekri yo kòm kòmandman, men, kòm konsèy;

6 Epi ou pa dwe kòmande moun ki sou tèt ou a, epi ki alatèt legliz la;

7 Paske m te ba li akle bmistè yo, ak revelasyon ki sele, jistan m chwazi yon lòt pou yo nan plas li.

8 Epi kounyeya, gade, m di ou, ou dwe ale kote aLamanit yo pou ou preche yo blevanjil mwen an; epi depi yo resevwa ansèyman w yo ou dwe fè legliz mwen an tabli pami yo; epi ou ap jwenn revelasyon, men, pa ekri yo kòm kòmandman.

9 Epi kounyeya, gade, m di ou, sa pa revele, e pèsonn pa konnen ki kote avil bSiyon an ap bati, men sa ap devwale pita. Gade, m di ou l ap tabli sou fwontyè bò kote Lamanit yo.

10 Ou pa dwe kite kote sa a anvan konferans lan fini, vòt konferans lan ap lonmen sèvitè m nan, Joseph pou prezide l, epi se sa li di w ou dwe di.

11 Epi ankò ou dwe pran Hiram Page, frè w la aant ou menm avèk li sèlman, epi di l ke bann bagay li te ekri yo pa mwayen wòch la pa soti nan mwen e ke bSatan te ctwonpe l;

12 Paske, gade li pa t otorize pou bagay sa yo, ni tou pèsonn nan legliz la p ap otorize pou okenn bagay ki kontrè avèk alyans legliz la.

13 Paske tout bagay dwe fèt nan lòd, avèk akonsantman tout moun legliz la, avèk priyè lafwa.

14 Epi ou dwe ede regle tout bagay sa yo, daprè alyans legliz la, anvan ou vwayaje ale pami Lamanit yo.

15 Epi m ap a w konnen depi lè w prale a, jouk lè w ap retounen an, kisa pou w fè.

16 Epi w dwe louvri bouch ou tout tan, pou w deklare levanjil mwen an avèk yon vwa lakontantman. Amèn.