Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 58


Seksyon 58

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa nan Siyon, Konte Jackson, Missouri, 1e Out 1831. Anvan sa, nan premye jou Saba a apre Pwofèt la ak gwoup li a te fin rive nan Konte Jackson, Missouri, yo te fè yon sèvis relijye epi de manm te batize. Pandan semèn sa a, kèk nan Sen ki soti nan Colesville yo ak nan branch Thompson nan ak kèk lòt moun te rive (gade nan seksyon 54). Anpil moun te dispoze pou yo aprann volonte Senyè a konsènan tèt pa yo nan nouvo plas rasanbleman an.

1–5, Moun ki pèsevere nan tribilasyon ap kouwone avèk laglwa; 6–12, Sen yo dwe pare yo pou maryaj Ti Mouton an ak soupe Senyè a; 13–18, Evèk yo se jij nan Izrayèl; 19–23, Sen yo dwe obeyi lalwa peyi a; 24–29, Lèzòm ta dwe itilize lib abit yo pou yo fè byen; 30–33, Senyè a kòmande epi l revoke; 34–43, Pou yo repanti, lèzòm dwe konfese epi abandone peche yo; 44–58, Sen yo dwe achte eritaj yo epi rasanble nan Missouri; 59–65, Levanjil la dwe preche pou chak kreyati.

1 Koute, O, noumenm ansyen yo ki nan legliz mwen an, epi tande pawòl mwen, epi aprann nan men mwen sa m vle konsènan nou, epi konsènan atè sa a kote m te voye nou an.

2 Paske an verite, m di nou, yon moun ki arespekte kòmandman m yo, li beni, menm si se nan lavi oubyen nan blanmò; epi yon moun ki cfidèl nan dtribilasyon, rekonpans li pi gran nan wayòm syèl la.

3 Pou kounye a, nou pa kapab wè avèk je natirèl nou yo, objektif aBondye nou an konsènan bagay ki pral vini apre yo, ak blaglwa ki pral vini apre anpil tribilasyon.

4 Paske, apre anpil atribilasyon bbenediksyon vini. Se poutèt sa, jou a ap vini pou nou ckouwone avèk anpil dlaglwa; lè a pako rive, men, li tou pre.

5 Sonje bagay sa a m te di nou anvan an, pou nou kapab akenbe l nan kè nou, epi pou nou resevwa sa k ap vini apre a.

6 Gade, an verite m di nou, se pou rezon sa a m te voye nou—pou nou kapab obeyisan, epi pou kè nou kapab apare pou rann btemwayaj konsènan bagay ki pral rive yo;

7 Epi tou pou nou kapab onore lè nou nan poze fondasyon an, epi nan rann temwayaj konsènan tè kote aSiyon Bondye a pral kanpe a;

8 Epi tou pou nou pare yon fèt avèk manje gra pou apòv yo; wi, yon fèt avèk manje gra, avèk bdiven byen pare, pou tè a konnen bouch pwofèt yo p ap bay manti;

9 Wi, yon soupe nan kay Senyè a, ki byen pare, kote tout nasyon pral envite.

10 Premyèman, moun rich yo ak moun save yo, moun saj yo ak moun nòb yo;

11 Epi apre sa, jou pouvwa m nan ap vini; apre sa, pòv yo, ak andikape yo, ak avèg yo, ak soud yo pral vini nan anòs Ti Mouton an, pou yo manje nan bsoupe Senyè a ki te pare pou gran jou k ap vini an.

12 Gade, mwenmenm Senyè a m te di sa.

13 Epi pou atemwayaj la soti nan Siyon, wi, nan bouch vil eritaj Bondye a—

14 Wi, se pou rezon sa a m te voye w la, epi m te seleksyone sèvitè m nan, aEdward Partridge, epi m te tabli l nan misyon li a nan peyi sa a.

15 Men, si l pa repanti nan peche li yo, ki se enkredilite ak kè avèg, se pou l fè atansyon si se pa sa l ap atonbe.

16 Gade, li resevwa misyon li a, epi li p ap resevwa l ankò.

17 Epi nenpòt moun ki akonpli misyon sa a, li tabli pou l yon ajij nan Izrayèl, jan sa te ye nan tan lontan yo, pou divize tè eritaj Bondye a bay bpitit li yo.

18 Epi pou jije pèp li a avèk temwayaj moun ki jis, epi avèk asistans konseye li yo, daprè lalwa wayòm yo apwofèt Bondye yo bay.

19 Paske anverite, m di nou, moun pral respekte lalwa m yo nan tè sa a.

20 Pa kite pèsonn panse li se yon gouvènè; men, kite Bondye gouvène moun ki jije lòt, daprè konsèy pwòp volonte pa l oubyen otreman, yon moun ki bay konsèy oubyen ki chita sou fotèy jijman an.

21 Pa kite pèsonn vyole alalwa peyi a, paske yon moun ki obeyi lalwa Bondye, li pa gen nesesite pou l dezobeyi lalwa peyi a.

22 Se poutèt sa, soumèt nou anba pouvwa ki egziste a, jistan moun ki gen dwa pou l areye a reye, epi li soumèt tout ènmi li yo anba pye l.

23 Gade, alalwa nou resevwa nan men m yo se lalwa legliz la, epi se nan limyè sa a nou dwe obsève yo. Gade, sa a, se lasajès la.

24 Epi kounyeya, jan m te pale konsènan sèvitè m nan, Edward Partridge, tè sa a se tè rezidans li ak moun li te chwazi kòm konseye li yo; epi tou se tè rezidans moun m te chwazi pou gade amagazen m nan;

25 Se poutèt sa, se pou yo mennen fanmi yo sou tè sa a, jan yo antann yo pami yo ak mwen menm.

26 Paske gade, li pa nesesè pou m kòmande nan tout bagay; paske yon moun yo fòse fè tout bagay, moun sa a se yon sèvitè aparese epi li pa saj; se poutèt sa li pa resevwa okenn rekonpans.

27 An verite, m di konsa, lèzòm ta dwe agen bon dezi pou angaje nan bon kòz, pou yo fè anpil bagay avèk pwòp volonte pa yo, epi pou yo reyalize anpil lajistis;

28 Paske pouvwa a nan yo, epi yo se amèt tèt pa yo. Epi toutotan lèzòm fè byen, yo p ap pèdi rekonpans yo nan okenn fason.

29 Men, yon moun ki pa fè anyen jistan yo kòmande l, epi ki resevwa kòmandman avèk yon kè ki gen dout, epi ki kenbe l avèk parès, moun sa a adane.

30 Senyè a di konsa: Kisa m ta aye, mwen menm ki fè lòm, si m ta konsidere moun ki pa obeyi kòmandman m yo san fot?

31 Senyè a di konsa: Kisa m ta ye, si m pa ta kenbe apwomès m te fè?

32 M kòmande epi lèzòm pa obeyi; m arevoke epi yo pa resevwa benediksyon an.

33 Epi yo di nan kè yo: Se pa travay Senyè a, paske pwomès li yo pa akonpli. Men, malè pou moun konsa, paske rekonpans yo kache aanba, epi li pa soti anlè.

34 Epi kounyeya, m ap ba nou lòt direktif konsènan tè sa a.

35 Se daprè lasajès pa m pou sèvitè m nan Martin Harris sèvi kòm yon egzanp pou legliz la, pou l adepoze lajan l devan evèk legliz la.

36 Epi tou, se lalwa pa m pou chak moun ki vini nan tè sa a resevwa yon eritaj; epi li dwe aji avèk lajan l daprè jan lalwa a montre sa.

37 Epi tou se daprè lasajès pou moun achte tè nan Independence, pou anplasman magazen an ak kay aenprimri an.

38 Epi Lespri a pral bay lòt oryantasyon konsènan sèvitè m nan, Martin Harris, pou l kapab resevwa eritaj li a jan l vle;

39 Epi se pou l repanti nan peche l yo, paske l ap chèche alouwanj mond lan.

40 Epi tou se pou sèvitè m nan, aWilliam W. Phelps rete nan ofis m te lonmen l la, epi pou l resevwa eritaj li a nan tè a;

41 Epi tou li gen nesesite pou l repanti, paske mwenmenm Senyè a, m pa kontan avèk li, paske l ap chèche fè konkirans, epi li pa dou ase devan mwen.

42 Gade, yon moun ki arepanti nan peche l, moun sa a bpadone, epi mwenmenm Senyè a m pa csonje peche yo ankò.

43 Men jan n ap konnen si yon moun repanti nan peche li yo—gade, l ap akonfese yo epi l ap babandone yo.

44 Epi kounyeya, an verite, konsènan rès ansyen yo ki nan legliz mwen an, m di, nan anpil ane ankò tan an p ap ko rive pou yo resevwa eritaj yo nan tè sa a eksepte si yo chèche l pa mwayen priyè ki fèt avèk lafwa, Senyè a ap ba yo l.

45 Paske, gade, yo pral apouse pèp yo ansanm soti nan tout kwen tè a.

46 Se poutèt sa, rasanble nou ansanm; epi moun ki pa lonmen pou yo rete nan peyi sa a, se pou yo preche levanjil la nan rejyon alantou yo; epi apre sa se pou yo retounen lakay yo.

47 Se pou yo preche sou wout yo, epi pou yo arann temwayaj konsènan verite a tout kote, pou yo rele moun rich yo, moun ki ba yo, ak moun ki pòv yo pou yo repanti.

48 Epi se pou yo bati alegliz yo, toutotan abitan yo ki sou tè a vle repanti.

49 Epi se pou vwa legliz la lonmen yon ajan, pou legliz la nan Ohio, pou resevwa lajan pou achte tè nan aSiyon.

50 Epi m bay sèvitè m nan, Sidney Rigdon yon kòmandman pou l aekri yon deskripsyon tè Siyon an, ak yon rapò sou volonte Bondye, jan Lespri a fè l konnen l;

51 Epi yon epit ak yon souskripsyon, pou prezante devan tout legliz yo, pou yo jwenn lajan pou yo remèt evèk la, pa lantremiz limenm oubyen ajan an, jan lide l di l oubyen jan l endike, pou achte tè kòm eritaj pou pitit Bondye yo.

52 Paske, gade, an verite m di nou, Senyè a vle pou disip yo ak pitit lèzòm yo louvri kè yo, pou yo achte tout rejyon sa a ki nan peyi a, menm pi vit tan an pèmèt yo.

53 Paske, se daprè lasajès. Si yo pa fè sa, yo p ap resevwa okenn aeritaj, eksepte nan fè san koule.

54 Epi ankò, toutotan yo jwenn tè, se pou yo voye tout kalite travayè nan tè a, pou travay pou sen Bondye yo.

55 Se pou bagay sa yo fèt nan lòd; epi se pou evèk la oubyen ajan legliz la fè moun konnen privilèj tè yo tanzantan.

56 Epi travay rasanbleman an pa dwe fèt twò prese, ni nan kouri; men, se pou l fèt jan ansyen yo ki nan legliz la konseye nan konferans yo, daprè konesans yo resevwa tanzantan.

57 Epi se pou sèvitè m nan, Sidney Rigdon konsakre epi dedye tè sa a, ak anplasman pou atanp la devan Senyè a.

58 Epi se pou yo anonse yon reyinyon konferans; epi apre sa, se pou sèvitè m yo, Sidney Rigdon ak Joseph Smith, pitit la, retounen ak Oliver Cowdery avèk yo, pou yo akonpli rès travay m te ba yo fè nan pwòp tè pa yo a, ak rès lajan konferans la aendike.

59 Epi se pa pou okenn moun kite tè sa a san l pa arann temwayaj sou wout la, konsènan sa li konnen ak sa li kwè avèk tout asirans.

60 Se pou yo wete sa Ziba Peterson te resevwa a nan men l; epi se pou l rete kòm yon manm legliz la, epi pou l travay avèk pwòp men pa li, avèk frè legliz yo, jistan li apirifye ase pou peche l yo; paske li pa konfese yo, epi li vle kache yo.

61 Se pou rès ansyen yo ki nan legliz sa a, k ap vini nan tè sa a, anpil ladan yo ki beni san mezi, fè yon konferans sou tè sa a tou.

62 Epi se pou sèvitè m nan, Edward Partridge dirije konferans yo pral fè a.

63 Epi se pou yo retounen, pou yo preche levanjil la sou wout yo, pou yo rann temwayaj konsènan bagay yo te revele yo a.

64 Paske, an verite, son bwi a dwe soti nan kote sa a pou ale nan tout mond lan, epi pou ale nan kote ki pi kache sou tè a—levanjil la dwe apreche bay chak kreyati, avèk bsiy pou suiv moun ki kwè yo.

65 Epi gade, Pitit Gason Lòm nan ap avini. Amèn.