Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 69


Seksyon 69

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa, nan Hiram, Ohio, 11 Novanm 1831. Yo te apwouve konpilasyon revelasyon yo ki te planifye pou premye piblikasyon an nan konferans espesyal 1–2 Novanm nan tou. Nan 3 Novanm, yo te ajoute revelasyon sa a ki parèt kòm seksyon 133 a, ke yo te rele Apendis nan apre. Yo te deja lonmen Oliver Cowdery pou l te pote orijinal revelasyon ki te konpile yo ak kòmandman yo nan Independence, Missouri, pou yo enprime l. Li te gen pou l pote lajan yo te rasanble tou pou bati legliz Missouri a. Revelasyon sa a bay John Whitmer enstriksyon pou l akonpaye Oliver Cowdery epi l bay Whitmer enstriksyon tou pou l vwayaje epi al chèche kolekte materyèl istorik nan kad apèl li kòm istoryen ak sekretè Legliz la.

1–2, John Whitmer dwe akonpaye Oliver Cowdery ale Missouri; 3–8, Li dwe preche tou, epi koleksyone, anrejistre, epi ekri enfòmasyon istorik.

1 Senyè Bondye w la di, koute m, pou byen sèvitè m nan, aOliver Cowdery. Se pa saj pou konfye l avèk kòmandman yo ak lajan li pral pote ale nan peyi Siyon an, eksepte si yon moun ki vrè epi ki fidèl ale avèk li.

2 Se poutèt sa, mwen menm Senyè a, m vle pou sèvitè m nan, aJohn Whitmer, t ale avèk sèvitè m nan Oliver Cowdery;

3 Epi tou pou l kontinye ekri aistwa tout bagay enpòtan li obsève epi li konnen konsènan legliz mwen an;

4 Epi tou pou l resevwa akonsèy ak asistans nan men sèvitè m nan, Oliver Cowdery ak lòt moun.

5 Epi tou, sèvitè m yo ki gaye sou tè a dwe voye rapò sou aresponsablite yo nan peyi Siyon an;

6 Paske peyi Siyon an pral yon syèj ak yon kote pou m resevwa epi pou fè tout bagay.

7 Sepandan, se pou sèvitè m nan, John Whitmer vwayaje anpil fwa, soti yon kote ale nan yon lòt, epi soti nan yon legliz ale nan yon lòt, pou l kapab jwenn konesans pi fasil—

8 Pou l preche epi eksplike, ekri, kopye, seleksyone, epi pou l jwenn tout bagay ki pou byen legliz la, epi pou jenerasyon k ap leve yo, ki pral grandi sou tè aSiyon an, pou posede l depi nan yon jenerasyon jouk nan yon lòt jenerasyon, pou tout tan. Amèn.